Kisa  OPE Ye?

O P E se yon òganizasyon dwa moun ki pa la pou fè lajan. Lide mete òganizasyon sa  sou pye  soti nan mitan kѐk kamarad ki abitye reflechi sou ansanm pwoblѐm dwa moun k ap boulvѐse Ayiti ,pi patikilye depatman sid la depi dyab pa te ko konnen si li ta vin kaporal. Obsèvatwa Pou Egalite se yon òganizasyon granmoun, endepandan ki louvri pou tout patenaya ak enstitisyon ki vle, ki pataje menm liy ak li. 

Plis Enfomasyon

Ki Objektif Nou?

Objektif nou se Obsѐve ak denonse enjistis k ap fѐt sou dwa moun. Akonpaye nan nivo lajistis tout moun dwa yo vyole ki deside pote plent. Asiste tout moun ki sibi vyolans fizik, vyòl, ki pran wout lopital pou jwenn swen, jwenn sѐtifika mediKal. Fòme ak enfòme popilasyon an sou sa ki dwa li, tѐks legal ki pwoteje dwa sa yo epi kouman li ka defann dwa li.

Plis Enfomasyon

 Ki Vizyon Nou ?

Rive transfòme sosyete a ki kont dwa moun. Travay ak moun ki pi vilnerab yo nan ba yo de zouti ki ak pemet yo defann dwa yo pi byen. Konstwiksyon yon sosyete ki mete anvalѐ dwa moun. 

Plis Enfomasyon

 Travay Pou Yon Jistis Sosyal

Parapò a bezwen yo, nou te antann nou pou touche aspѐ : Dwa ekonomik,Sosyal, kiltirѐl ak politik. Finalman nou kreye òganizasyon an depi nan lane 2017. li la pou defann dwa tout moun. Travay la chita sitou sou: dwa fanm, timoun ak travayѐ.

Plis Enfomasyon

 OPE Ann Aksyon

Jistis ak reparasyon pou Marie Mirlande Désir.

Obsèvatwa Pou Egalite (O P E) mande pou lajistis nan Okay bay jistis ak Marie Mirllande Désir ki akize tikout ensi koni ki maspinen li byen maspinen Vandredi maten 22[…]

Read more
0

Temwayaj Manman Roosvelt Constant. {video}

Lendi 19 Fevriye 2024 la, bò 4 trè nan aprèmidi Radyo Ayiti Egalite (RAE) te rankontre ak Madanm Martiane Simonne Maurice di, Atanas Constant manman Roosvelt Constant kote, fanmiy nan[…]

Read more
0

Ijans pou sove lavi Labe Piterson.

Mèkredi 6 Mas 2024 la tout bò 9 vè nan maten Obsèvatwa Pou Egalite (O P E) te rejwenn paran Labe Piterson ansanm ak Labe ki malad la nan Lopital[…]

Read more
0

Reyalizasyon.

 Obsèvatwa pou egalite nan gad travay obsèvasyon dwa moun nan sid peyi a, rive pwodwi plizyè dokiman sou sitiyasyon dwa moun nan depatman.
Aprè tranblemantè 14 Dawout 2021 an sitiyasyon dwa moun polilasyon sid la espesyalman nan okay te vin pi konplike. Yo pat gen aksè ak swen sante, dwa pou jwenn yo kote desan pou yo rete e leta lokal ak  santra pa vini an èd ak yo. Aprè travay monitorin OPE te fè nan 18 komin nan depatman sid la, nou rive pwodwi yon dokiman ki pou tit : << Demele Gѐt Ou >> ki montre popilasyon sid la te livre ak li men m dwa fondal natal li pat respekte.
Nan kad aprè trableman tè 14 Dawout la toujou, OPE ak sipò kèk patenè rive pwodwi yon lòt dokiman sou sitiyasyon fanm ak ti anba tan yo << Yon lòt Tretman Fanm Ak Fiy Posib >> . Nou konstate nan kondisyon fanm ak ti yo tap viv anba tant yo pat respekte valè dwa moun yo, san konte vyolans yap sibi chak jou tankou vyol, agresyon fizik, ti zonay elatriye.
Toujou Nan kad travay dwa moun nou te foure je gade nan ki kondisyon prizonye yo ap viv nan prizon sivil okay la. Konsta yo se dlo nan je se yon vyolasyon sistematik dwa prizonye yo, se pou sa dokiman te titre << Lanfѐ Sou Tѐ >>.
OPE reyalize plizyè aktivite sou dwa moun tankou seminè,Konferans deba, fokis gwoup sou dwa sosyal yo ak ekonomik pou pèmèt de gwoup ak oganizasyon nap travay ak gen plis konesans epi an mezi pou defann dwa yo lè sa gen nesesite.
Ak konkou kek patnè n tankou FOKAL, AJWS,FONTLINE,CEM,MPK3nou rive  pwodwi emisyon, espòt sansibilzasyon, kapsil video,bilten enfomasyon sou pwoblematik dwa moun yon fason pou sansibilize popilasyon an sou enpòtans ak valè dwa moun.

Defi yo anpil

 Obsèvatwa pou Egalite pou kont li pa p kapab. Nou nan you moman espesyal sa mande you tѐt a tѐt ak tout pitit nasyon an ki vle sa chanje tout bon vre.
Sa dre fѐt sou baz senserite, enterѐ komen, omwen pou nou ka tabli lapѐ, libѐte, egalite, fratѐnite, jistis sosyal konsa na sove Ayiti.
OPE swete nou tout ki vle vanse nan respѐ dwa moun, pou nou antann depi Jodi a menm, sinon pi ta n ap rive nan gѐ sivil la. Se ap rѐl kay makorѐl. 

Ekip OPE

Tout moun sa yo ap travay pou fè lide OPE yo vanse. 

Jean Ricot Gédéon 

kowòdonatè

Jean Claudy Aristil

Direktè Ekzekitif

Rose Getchine Lima 

Responsab Finans

Nagine François

Pòt Pawol

Céline

Sekretè

Guy Numa

Konseye

Charles Claude

Konseye

Lis kèk patnè